Jounen jedi 12 novanm 2026 la, Fon Nasyonal Edikasyon (FNE) lanse travay reyabilitasyon Lise Jean Robert Cius, nan katye Raboto, vil Gonayiv, nan depatman Latibonit, sou enstriksyon Chèf Gouvènman an, S.E.M. Alix Didier Fils-Aimé.
Projè sa a reprezante yon etap enpòtan nan efò pou amelyore kondisyon aprantisaj elèv yo ak anviwònman travay pèsonèl edikatif la. Reyabilitasyon lekòl sa a se yon envestisman nan avni jèn yo, nan kalite edikasyon an ak nan devlopman kominote a. Paske bay lekòl yo bon jan kondisyon, se bay jenerasyon k ap vini yo plis chans pou konstwi yon demen miyò.