1- Pak kolonyal la te tabli pou garanti lòd ak prosperite nan sendomeng. Pou sa te rive fèt, metwopòl la te plase anndan koloni an, yon bann ajan metropoliten, nan objektif pou te asire aplikasyon prensip pak kolonyal la nan enterè lafrans.
Pak nasyonal pou estabilite ak òganizasyon eleksyon an tabli pou garanti sekirite epi òganize eleksyon pou entènasyonal la. Pou sa rive posib, tout pouvwa a dwe konsantre nan men yon sèl chèf kise mesye, Fils Aime, ki li menm sou kontwòl chaje dafè blan meriken an nan enterè etazini.
2- Nan moman pak kolonyal la tap aplike, esklav sendomeng yo pat gen okenn dwa pou patisipe nan desizyon kap pran yo.
Jodi a lopinyon piblik nasyonal kou entènasyonal la tande e wè deklarasyon anpil siyatè, menm yon ansyen senatè nò, kote anpil moun ki siyen yo pat gen ni tan ni dwa pou li pak nayonal la. E deklarasyon yo tèlman fonde, ni pak naysyonal la ni pak kolonyal la pa limite pouvwa reprezantan dirèk ki sou teren yo pwiske misyon yo se kenbe sistèm lan.
3- Pak kolonyal la te gen finalite pou kenbe sistèm kolonyal esklavajis la nan enterè metwopòl la.
Pak nasyonal pou estabilite ak òganizasyon eleksyon an gen finalite pou pwoteje gwo kontra plizyè milyon dola mesye, Fils Aimé, siyen sou do peyi a nan enterè kominote entènasyonal la.
4- Pou aplike pak kolonyal la se metropòl ki deside kilès ajan metropoliten lap voye sou teren pou vin fè aplike prensip yo.
Pou aplike pak nasyonal la se kominote entènasyonal la, prensipalman etazini selon yon medya, ki dwe valide lis tout pèsonalite ki pral vin aplike prensip yo.
Nb: li ta bon pou nou kontinye pouse refleksyon sa yo nan lide pou nou montre nesesite pou konstwi zouti demokratik rezistans pou fè echèk ak pak kolonyal degize sa a ki pral ponn plis enjerans, plis enstabilite, plis ensekirite nan peyi a