Komite swivi dyalòg entèayisyen ki pran nesans anndan asiz ki te fèt nan otèl Montana sòti 1 pou rive 3 fevriye 2026 la rete atache ak ak prensip ki fonde pwosesis sa a ki se: enklizivite, lejitimite politik, koupe fache ak pratik gouvènans abitrè refondasyon demokratik Leta Ayisyen.
Dyalòg sa a ki se donn yon konsansis laj ant fòs politik, sosyal ak sitwayèn òganize yo te akouche yon egzekitif 2 tèt epi yon fèy de wout ki adapte tout moun wè tankou yon repons politik ayisyèn pou yon kriz pwofon ki gen plizyè dimansyon. Desizyon sa a enskri nan lojik yon tranzisyon ki chita sou lòd, ki ankadre epi responsab, li vize retablisman enstitisyon yo ak sekirite peyi a yon fason pou eleksyon kapab reyalize.
Komite swivi a ap raple, gouvènans politik ki pwopoze atravè Dyalòg entèayisyen an pa jwenn lejitimite l nan yon rapò de fòs konjonktirèl men nan yon pwosesis politik ayisyen ki byen estriktire, ki chita sou volonte kolektif la pou sòti peyi a nan enstabilite politik, ensekirite jeneralize ak gouvènans defakto sa a.
Tan sa a pa pou manvèv otoritè ni pou yon gouvènans politik opòtinis. Ayiti bezwen gen koyerans politik, angajman kolektif ak fidelite pou angajman ki pran devan nasyon an. Nan sans sa a, dyalòg entèayisyen an reprezante jounen jodi a ra espas ki gen yon lejitimite politik ki kapab jete baz tranzisyon an.
Komite swivi dyalòg entèayisyen an antann defann pwosesis sa a ak responsablite, fèmte epi sans enterè jeneral la nan respè pou pwofon aspirasyon pèp ayisyen an.